SANS A PAWOL ADAN MIZIK NOU ENME (LYRICS MEANING)

SANS A PAWOL ADAN MIZIK NOU ENME (LYRICS MEANING)

DECEPTION (Djazz-la Shedly Abraham) Bonmaké Ayisyen : Titay Rézé

DECEPTION

(Djazz-la)

(On pwojé a Sheddly Abraham)

 

Anpil ane gen tan pase,

Men ou poko janm ka deside'w
Si se avè'm ou vle rete

Pou jan jouk tan, ou fè tan pase
Santiman'm pou ou fin grandi,

Chak jou k'pase pou ou ape fleri
Ou mèt kwè m'pap ba'w manti,

Ou fè plezi lavi'm

M'pa gen anpil pou m'di'w,

Ni twòp pou mwen ofri'w
Sèl sa m'konen m'grangou lanmou,

Grangou lanmou
Vwayaje nan lòt peyi,

Mwen wè anpil bèl kreyati

Men, se ou k'toujou nan lèspri'm,

Ou nan lèspri'm

Mwen pa tro fò nan fè pwezi,

Men, se tout lajounen m'ap ekri
Defwa m'chante, m'jwe mizik,

Pou m'èksprime sa m'santi
Pa fè kòmsi ou pa konprann,

Kè se pou ou tèt mwen ap pati
Pouki ou jwe jwèt endiferans,

Ou pa ban mwen on chans

Cheri ou konen trè byen tout filing mwen
Tout emosyon lanmou ka chaye mwen
Panse avè'w ka fè kè'm sote,

Ka fè tout jounen'm kontrarye
Istwa lanmou'm avè'w ka wè demen
Kapab menm fè ti wout boujonen
Pouki ou pa vle chanje lide,

Ka fè bonè nou tou le de

Deception

Ka mete kè'w sou kè'm,

M'a mete menm nan men'w
Cheri mwen pap kite'w ale
Franchman mwen pare pou m'fè sa ou mande'm
Cheri mwen pap kite'w ale
Devan lasosyete se ou m'mete an premye
Cheri mwen pap kite'w ale
Pa fè mwen lapenn, pa fè mwen di helas
Cheri mwen pap kite'w ale.


10/03/2010
0 Poster un commentaire

Inscrivez-vous au blog

Soyez prévenu par email des prochaines mises à jour

Rejoignez les 31 autres membres